menu

Resous

Videyo

Blog

menu
menu
search
close
search
logo

Pwodwi

Bladder Filtration SystemTap Filtration SystemBottle Filtration SystemBucket Filtration System

Resous

BlogVideyoSant Resous

Konpayi

Sou nouInisyativ dlo pwòpEnplike wAchte pwodwi yo

Sawyer Inc. Tout dwa rezève.

social
social
social
social
desktop background
Sistèm Filtrasyon Bokit
arrow

Pwodwi yo

Sistèm Filtrasyon Bokit
Filtrasyon

Filtrasyon

Sistèm Filtrasyon Bokit

Dlo pwòp pou fanmi ak kominote yo. Pa bezwen elektrisite, pwodui chimik oswa bouyi dlo a.

Premye Konfigirasyon?

icon

Sa k ap fè yon filtè an sante

Lè ou kenbe filtè ou an an bon eta, li kenbe dlo ou an an sekirite.

Retire

Bakteri tankou Salmonèl, Kolera, Leptospiwoz, ak E. Coli (99.99999%)

Pwotozò ak kist tankou Giardia ak Cryptosporidium (99.9999%)

Mikwoplasti (100%)

Pap retire

Metò, pwodui chimik, pestisid, VOC, idrokarbur, sèl

Kijan pou netwaye filtè bokit ou

icon

Kesyon souvan poze sou filtè bokit

Sawyer rekòmande pou w netwaye filtè w la apre chak bokit dlo, oswa omwen yon fwa pa jou. Sa ede w devlope abitid netwayaj la, ki pral fè filtè w la dire plis pase 10 ane.

Nou pa rekòmande pou fè bakwashi ak dlo sal. Si sa rive, imedyatman pase omwen yon galon dlo atravè filtè a epi jete dlo sa a anvan ou kòmanse filtre dlo pou bwè.

Wi, men w ap bezwen fè bakwachi pi souvan. Sa p ap chanje efikasite filtè a pou retire mikwòb ki danjere yo.

Wi, e nou gen twa rekòmandasyon pou pre-filtraj. Premyeman, vide dlo sal la atravè yon mayo oswa yon moso twal anvan li antre nan bokit filtraj la. Dezyèmman, koupe twou a sou bò bokit la omwen 1.5 pous anlè fon bokit la pou pèmèt sediman yo poze epi pa desann nan kawotchou a. Twazyèmman, kite dlo sal la poze anvan ou mete l nan bokit filtraj la.

Ou ka fikse filtè a sou nenpòt resipyan ou kapab fè yon twou ladan l. Nou rekòmande pou w fikse filtè a sou yon resipyan pwòp ki swa fèt pou manje (food grade) oswa ki te deja sèvi pou transpòte manje. Pa fikse filtè a sou yon bokit ki te sèvi pou transpòte pwodui chimik. Filtè a ap tou anfòm nan pifò dispansè dlo (water crocks) si ou retire ti valv ki ladan l epi ranplase l ak konektè ki vini ak filtè a. Pou w gen plis dlo, ou ka konekte plizyè filtè ansanm sou yon gwo sitèn oswa sou yon sistèm rekiperasyon dlo lapli. Ou pral bezwen opsyon kawotchou 3 pye a pou ou ka leve filtè a pi wo pase nivo dlo a pou w ka sispann koule a.

Non, ou pa bezwen yon perçeuz elektrik. Ou ka koupe twou a ak kouto twou ki enkli a, ak men ou.

Sawyer rekòmande pou w fè bakwashi dirèkteman nan bokit la. Sa ede kenbe kawotchou a pwòp, epi li elimine ti boul lè ki nan liy kawotchou a. Sa tou diminye abitid pou w retire filtè a.

whatsapp

Resevwa rapèl swen filtè yo

Yon filtè ki an bon eta vle di dlo pwòp. N ap voye mesaj sou WhatsApp lè li lè pou w pran swen sistèm filtraj ou a.

Sawyer | Sistèm Bokit